M bò lanmè map mache, lan m nan mouyem
Tete m di bonjou, san l pa mande pèmisyon li leve tèt li tou
Tankou yon sèl kou lwa montel
E m konnen mwen avèl se byen jwenn byen kontre.
Paske…
Nan peristil mwen, lwa pa danse se rad ki retire.
Mouchwa pa rale, se alsiyis kap chante.
Jounen an beni chak katrè nan maten
Anba lapli
Gen yon rankont ki fèt nan frison, li pa mande kat idantite
Kòw ap dim vini pou trase vèvè sou po m
Depoze rim sou chak santimèt mwen, fè w santi w mèt mwen,
Pou ren w bwase sou chak rit, tankou tanbou nan gran lakou.
M voras, saf, egoyis, manje m te mèt atè ma p pranl, menm si w rele m anraje paske… m fou dèyè bout anbaw.
bave nan fouk mwen, son salitasyon sakre ant de timoun ki wè limyè.

...
An nou fè peche, na konvèti ansanm
Na releve chak vèvè ki grave sou vwa, chak rim ki desann sou po.
Nan peristil mwen chak souf nou se pawòl ki rele zanj men ki pa vle sove
Chak pawòl nou se vye pwezi ki fè relijyon tranble
Ann pa ekri mo, ann limen lespri, lang nou a tounen chodyè pou bouyi sans.
Se ak devan w ak vwaw m vle sèvi
Dayè m fidèl ak kreyatè m.
Fè m wè lwa w yo nan tout nivo
E m pwomèt ou m a respekte yo.
Ou se djòl vèvè m, ou se lwa san kolye, prezans ou rale tout sen mete sou pom.
Pou m vin kraze… wi
Kraze sou pwezi w
M pa pote mouchwa, m pote kè m
Ma p fè silans kotew vle fè bri
Pou m pran sans sèn nan
Ou mèt lim, li m dous pase liv, mwen se ou m vin lapriyè. Ke bondye abite nan plezi nou.
Ma fè kòw pale tout koze, met la sajès nan ren w.
Mpa sen, e w se gran bwa kap mache nan silans feyaj mwen.
Ann demontre yo tout sa ki sen pa selmn sot nan syèl, men yo konn dodomeya anba peristil sansyèl
Cheri annou fè peche
Na konvèti ansanm



